Valè Ki Gide Travay Nou

Angajman:

N ap travay ak tout fòs nou pou bati yon sosyete ki chita sou jistis sosyal.

Solidarite :

Nou rele solidarite tout aksyon nap poze ansanm ak lòt moun oubyen kominote yo pou rive jwenn solisyon ak pwoblèm kolektif

-Nou kenbe solidarite ak patnè yo epi nou rete toujou ouvè.

-Nou vle toujou envesti nan ede patnè nou yo reflechi sou kondisyon lavi yo epi pran desizyon pou kominote pa yo.

-Nou kolabore ak patnè ki pataje filozofi nou pou travay la ka avanse.

-Nou sipòte youn lòt nan ka bezwen nan nivo pèsonèl ak pwofesyonèl.

-Nou ranfòse, fasilite epi kreye lyen nan mitan nou ak nan mitan kominote yo.

-Nou Akonpaye estaf nou nan travay kòt a kòt pou ede kominote yo rezoud pwoblèm yo.

Sajes ak Imilite :

-Moun nan kominote yo ak nou ap aprann youn nan men lòt.

-Nou atantif ak sitiyasyon kominote yo, bezwen yo menm se gid nou.

-Entèvansyon nou yo baze sou konfyans, respè, kolaborasyon, aprann tande, kenbe pawòl.

-Erè pa dwe dekouraje nou, li dwe yon fason pou nou avanse pi byen pandan n’ap korije yo.

Onètete ak Entegrite: 

-Nou aji avèk respè youn pou lòt.

-Onètete, etik nan travay nap fè se chwal batay nou.

-Resous pou kominote yo ale jwenn kominote yo.

-Nou ouvri pou pataje ak tout moun sou entèvansyon nou, aksyon nou.

-Nou byen jere resous ki nan men nou pou kominote nap travay yo.

-Nou travay ak kominote yo pou ede yo byen jere resous yo.