Estrateji Travay Nou

Screen Shot 2014-03-16 at 12.42.15 AMSe kou yon ti grenn ou plante. Lè ou plante grenn sa, l fenk leve, nenpòt ti bèt ki pase kapab kraze l. Kabrit kapab lage l atè. Nou dwe bay li swen, pwoteje l jiskaske li gen matirite pou bèt pa manje li. Se konsa Limyè Lavi òganize travay li nan yon kominote. Lè li fin plante ti grenn nan ak kominote yo, li ede yo wouze li, ankadre yo pou yo pwoteje l jiskaske li gen matirite pou li bay fwi.  Premye ane e pou nou se ane pou prepare tè a.  Prepare tè a, mete grenn nan.  Nou panse sa ap pran 5 rive 6an pou antre nan yon kominote, akonpanye l, ede li ranfòse kapasite l epi retire kò nou. Men sa pa vle di tout kominote ap rive menm lè. Puiskè chak kominote gen dinamik pa yo, gen dwa gen yon kominote ki kapab rive a 5an, gen ki gen dwa rive a 7an, genyen ki kapap pran 8an. Nou pa esklav yon limit. Dezyèm ane a grenn nan kòmanse leve. Ti pye a kòmanse parèt. Twazyem, katriyem ane se lè n ap kore ti pyebwa sa a, n ap bay li dlo, n ap wouze li, bay li angre tou, si se nesesè. Si se poto nou dwe bay li, nou bay li.  Lè nou rive katriyèm, senkiyèm ane li sipoze kòmanse fè yon gwo pyebwa. Menm si ou te mare yon bèt ladan li, li pa lage l atè. Men kou li rive 5èm ane a, nan tèt nou li ta dwe vin yon gwo pyebwa ki kòmanse bay fwi. Lè pyebwa kòmanse bay fwi, pou fwi kòmanse rèk, y ap mi, si moun ka kòmanse manje fri, nou pa bezwen la ankò. Pandan li rive nan nivo kote l ap kòmanse ap donnen, yo kòmanse rèk pou yo vin mi, lè sa nou kapab kòmanse redwi entèvansyon yo piti piti. Nap kòmanse ap rale kò nou. Si te gen yon prezans chak semen, lap vin chak 2 semen, l ap vin chak mwa, l ap vin chak twa mwa, l ap vini chak 6 mwa. Apre sa se suivi, evalyasyon nap fè, jiskaske nou retire kò nou.

haiti-85873_640

Moun pa machin. Nou pa ka pwograme yo. Si ou pwograme machin nan pou l bay ou mil sache nan trant minit, l ap ba ou mil sache nan trant minit. Ou pa kapab pwograme yon kominote pou di l nan 2zan fò òganizasyon an rive nan tèl nivo.  Gen anpil bagay ou pap kapab kontwole ki pral aji sou li suivan istwa moun yo, jan yo fonksyone, eksperyans yo, enfliyans lòt òganzasyon, lòt moun genyen sou kominote sa. Sa vle di lè nou travay ak moun nou oblije plis fleksib posib. Menm si n ap mete gwo liy yo, n ap fè plis efò pou nou rive ladan yo, men nou konnen se ak moun nou ye. Kòm moun pa fonksyone tankou machin gen moun kap rive avan. Se kòm ou mete yon gwoup moun nan yon kous. Ou di y ap sòti nan A pou rive nan X.  Tout moun ap rive nan X. Gen moun k ap rive nan 10 minit, gen k ap rive nan 15, gen k ap rive nan 1è tan tou. Men objektif la se pou tout moun rive la. Nou klè tout moun pa oblije rive nan menm moman.  Se pa yon kous n ap fè kote nou ap bay prim. Tout moun ap premye depi tout moun angaje pou kominote yo reyisi.