Kote Nou Soti – Istwa Nou

Limyè Lavi se yon fondasyon ayisyen ki egziste depi lane 1993, ofisyèlman nan lane 1994. Fondasyon Limyè Lavi te fonde nan objektif pou ede moun ki pi vilnerab yo. Konsa LL travay kont Pratik Eksplwatasyon Timoun ki nan sistem “restavèk” ak pou ede moun ki pa konn li aprann li ak ekri pou yo ka pi fonksyonel epi chanje lavi yo.  Filozofi ki mache ak travay Fondasyon an se pwovèb: “Wòch nan dlo pa konnen doulè wòch nan solèy”.

RASIN FONDASYON LIMYÈ LAVI:

Fondasyon Limyè Lavi soti nan EAPE (Association évangélique pour la promotion de l’education), lè EAPE te deside kanpe aktivite li Ayiti, konsa yo te mete soupye yon òganizasyon an Ayiti ki pou kontinye travay yo t ap fè atravè EAPE a epi youn Ozetazini pou chèche lajan pou soutni travay sa nan peyi. Konsa vinn genyen de (2) òganizasyon kite soti nan inisyativ sa a, youn te baze Ayiti epi lòt la te baze nan Etazini.

Fondasyon Limyè Lavi swiv prensip filozofik sa yo :

  • Enkanasyon : Swiv Jezi kòm modèl.  Modèl moun ki te vini pou moun ki pòv yo.  Rantre nan reyalite moun òganizasyon an deside akonpaye yo, koute yo, viv reyalite a ak yo, akonpaye yo pou ede yo transfòme kondisyon lavi yo.  Sa ki mennen nan filozofi dokiman Fondasyon an « Wòch nan dlo » ki reprezante nanm filozofi Fondasyon Limyè Lavi. Li adapte epi swiv evolisyon Fondasyon an.
  • Limyè Lavi te fonde sou yon sistèm plat ki baze sou Konsansis. Se te youn nan prensip ki te fè fondman Limyè Lavi. Tout desizyon k ap pran nan Limyè Lavi te pran sou baz konsansis yon fason pou tout moun angaje nan tout sa k ap fèt, pou pèsonn pa santi yo deyò.
  • Rete piti, se te yon lòt prensip ki t ap gide Limyè Lavi. Limyè Lavi dwe rete plis piti posib epi travay pou fè gwo enpak kote l ap fè entèvansyon yo epi pou plis resous posib ale jwenn kominote yo.

ISTWA TRAVAY FONDASYON LIMYÈ LAVI:

Fondasyon an demare nan koumansman (ane 1994-2006) ak 2 pwogram:

a) Yon pwogram edikasyon timoun nan Sid. Pwogram nan Sid la te fèt ak MEBSH (Mission Evagelique Baptiste d’Haiti)
kote anpil timoun ki nan sitiyasyon “Restavèk” jwenn chans ale lekòl.
b) Yon pwogram alfa nan Lagonav, ki Fondayson an te reyalize ak AAPLAG (Asosyasyon animatè Peyizan Lagonav).

Nan lane 2005, Fondasyon an te koumanse divèsifye entèvansyon li yo.  Fondasyon an tap reflechi sou kijan li kapab ale jwenn moun ki nan plis nesesite yo pandan lap fè menm travay la. Konsa Fondasyon an te kite Pòtoprens epi ale plase biwo li nan Jakmèl, pou l pi pwòch kominote yo. Konsa Fondasyon an te fokis aktivite li yo plis nan kominote riral ki pi majinalize yo. Fondasyon an te kontinye travay nan Edikasyon ak Alfabetizasyon, ak diferan gwoup òganizasyon ki soti plizyè kwen nan peyi a kap travay kont Pratik eksplatasyon Timoun. Konsa, nan lane 2006, Fondasyon an lanse premye Jounen Nasyonal kont Eksplwatasyon Timoun. Lansman jounen sa a se swit a gwo rankont Fondasyonan te reyalize avèk BIT/IPEC nan mwa Desanm 2001, ki te  bay nesans a rezo ASR (Aba sistèm restavèk).

Apre sa a Fondasyon an vinn pi louvri ativite li, kote nan lane 2006, li devlope pwogram sansibilizasyon ak fòmasyon pou pwofesè, direktè lekòl ak paran pou yon edikasyon bon kalite pou tout timoun nan Sodo nan Plato Santral epi nan Sidès la.

Fondasyon an kreye epi akonpaye rezo lekòl yo; fè fòmasyon pedagojik ak administrasyon; devlope estrateji pou motive paran pou mete timoun yo lekòl, peye pwofesè lekòl yo epi akonpaye timoun yo nan edikasyon y ap resevwa nan lekòl yo; devlope pwogram akselere (3 lane) pou pèmèt timoun ki laj avanse rive ale lekòl nan kominote pa yo, fè travay alfabetizasyon pou granmoun yo rive konn li ak ekri epi vini pi fonksyonèl nan sosyete a; epi ògmante kapasite kominote yo pou pwodwi plis ak pwoje agro-ekonomik. Tout travay sa fèt avèk gran objektif la pou redwi tò timoun yo ki sòti lakay yo epi antre nan sistem domestisite epi ranfòse kapasite kominote yo.

Se konsa Fondasyon Limyè Lavi rive kote li ye joune jodia.