Metòd Travay Nou

Limyè Lavi priyorize metòd ki chita sou patisipasyon, ki pèmèt moun pataje lide ak respè, devlope lespri tolerans ak demokratik ant yo epi ki fasilite devlopman lidè kolektif ak lidèchip pataje nan kominote yo. Li devlope epi sèvi ak metòd tankou:

photo-2Wonn Refleksyon: Se yon metòd ki ankouraje chak moun ki nan yon gwoup tande youn lòt. Li fasilite dyalòg ak diskisyon an gwoup nan respè youn lòt. Metòd sa a itilize tèks filozofik pou angaje diskisyon nan gwoup e tèks sa yo chwazi yon fason pou anime diskisyon ak refleksyon. Lidè kominotè, jènn inivèsitè, elèv lekòl, moun ki pa konn li ak ekri itilize metòd sa a.

DSC00866Espas Ouvri: Se yon metodoloji ki devlope nan peyi Etazini pa yon meriken ki rele Harrison Owen. Limyè Lavi te pran fòmasyon sou metòd sa a epi adapte l an kreyòl nan Ayiti. Rive jounen jodia, Fondasyon an fòme plizyè òganizasyon sou metòd sa a.  Se yon metòd Fondasyon Limyè Lavi itilize nan travay li pou fasilite diskisyon ak dyalòg nan gwoup. Metòd sa a itilize pa plizyè òganizasyon oubyen patnè ki nan rezo Fondasyon an oubyen ki pa nan ni youn ni lòt. Limyè Lavi itilize Metòd Espas Ouvri nan tout estrateji entèvansyon li, nan aktivite li sou teren. Rive jounen jodia, plizyè òganizasyon, lidè kominotè fòme pa metòd Espas Ouvri a.

Screen Shot 2014-03-08 at 5.05.44 PM

ESK (Edikasyon Se yon Konvèsasyon): Se yon metòd Fondasyon Limyè Lavi itilize pou fòme patisipan sou Dwa Timoun, sante repwodiktif, anviwònman…elatriye. Fondasyon an te kreye metòd sa a ak patisipasyon lòt òganizasyon, Fonkoze, ak Beyond Borders. Nan metòd sa a gen desen ki itilize pou moun kapab plis konprann menm si yo pa konn li ak ekri. Fondasyon an ap itilize metòd sa a depi plis pase senk lane.