Joune nasyonal pou di NON! a pratik restavèk la

 
 

Kominote riral yo yon lòt fwa ankò te òganize aktivite pou di non a pratik restavèk la.

An nou mete tèt ansanm pou derasinen pratik Restavèk la nan peyi a. Plis pase 1000 timoun repati nan 9 kominote yo pou mande leta pa neglije kominote riral yo. Se yon evènman ekstraòdinè.

Tout Timoun se Timoun. Tout Timoun merite pwoteksyon. Tout timoun dwe jwenn chans ale lekòl. Tout TImoun dwe grandi nanmitan fanmi yo.

Se nan fanmi li yon timoun kapab pi byen grandi, pi byen pwoteje. Se nan kominote li yon timoun kapab pi aprann kilti peyi li Dwa ak Devwa li genyen.

Tout aktivite sa yo fèt gras a sipò ou. Chapo Ba pou ou!

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *